Nan ribrik : " Les lundis des Ambassadeurs " ki fè pwomosyon pèsonalite kap fè drapo Ble e wouj la flote toupatou, Nap fè ti pale ak Christine Ellis, ki se premye fanm Nwa ki eli
" Councilwoman " pou 4 lane , nan Chandler City.
Eguens Infos Culturelles : Fè yon prezantasyon pou abone ak piblik la.
C.E." Nonm se Christine Talendier Desjardins Ellis,Lè vinn Etazini m te gen 17 lane, Papa 'm Jean Dejardins te imigre o Etazini nan lane 1970.
Mwen se yon fanm ki gen la fwa,mwen fè edikasyon nan domèn enfimyè, mwen gen yon edikasyon avanse nan Syans Enfimyè,mwen se yon fanm ki kwè nan biznis ,mwen te gen biznis pa'm pandan 20 lane.
Pasyon mwen se ede moun,mwen fè anpil òganizasyon ki ede moun, mwen gen yon Òfelina an Ayiti.
Kounya mwen abite nan Chandler Arizona avèk fanmi,mwen la depi 33 lane ,mwen ak Mari'm avèk 2 pitit. Mari'm sòti Barbados.Mwen renmen wè moun kap fè siksè e kap fè efò.
E.IC: kòman entegrasyon te fèt nan chandler?
C.E: Entegrasyon mwen nan Chandler pat difisil,li te enpòtan pou mwen pou'm te rete lekòl, epi pran edikasyon mwen oserye ,volonte pou'm sèvi ,epi ede tout moun se te kle pou entegrasyon mwen nan chandler.
3 vil ki nan Chandler gen 286.000 moun ki Abite ladanl. Mwen chwazi ede nan vil la, pandan anpil lane, mwen sèvi moun ki nan bezwen e mwen patisipe tou ,nan anpil sansibilasyon kominotè.
Mwen renmen Chandler,pandan 33 lane,mwen devlope relasyon zanmitay ak anpil moun ,tout kote nan kominote Ayisyèn nan ,nan kominote chandler ak vil ki tou prè' l yo.
EIC : Konbyen Ayisyen ki te vote pou ou?
C.E. : Mwen pa ka di konbyen Ayisyen ki vote pou mwen, paske mwen se moun ki fè plis vot nan 6 moun ki te kandida pou pòs sa , nan City Chandler.
E.I.C: ki responsabilite ou genyen kòm Councilwoman ?
C.E. : Kòm you nan Councilwoman ,objektif mwen se travay pou moun kap viv Chandler , pote visyon nou genyen pou vil la, li enpòtan anpil nou travay ak 1800 anplwaye ki nan vil la pou nou fè sa.
Visyon mwen pou Chandler chita sou 4 bagay: bon Edikasyon ki pi avanse,plis mache lib ki se yon solisyon pou fè moun yo vinn pi rich, epi anbrase divèsite, pandan 4 lane mwen genyen nan manda mwen.
E.I.C . : Depi kilè ou nan pòs sa?
C.E. : Mwen eli depi 4 dawout 2020, map kòmanse 14 janvye 2021, men mwen kòmanse travay pou'm antre nan biwo, mwen fè anpil deja.
Map travay ak anpil biznis pou yo grandi e pou yo fè siksè. Map travay ak Lapolis nan depatman an ,nan lòt bagay pou yo ka fè pi bon travay ak moun ki gen pwoblem mantal, map travay pou gen yon lòt inivèsite nan Chandler pou pèmèt plis jèn ka rete nan vil yo ,ka aprann ,yo ka rete travay nan vil la , konsa ekonomi vil la ap pi bon.
Mwen pral travay ak tout moun tou kote e pote sipò pou yo ka aprann rete ansanm, li enpòtan pou mwen, paske mwen kwè se lè ,nou mete tèt nou, ansam nou pi fò.
E.I.C. : Eli Councilwoman nan City tankou Chandler vle di kisa pou ou?
C.E.: Eleksyon mwen kòm councilwomannan nan vil sa , vle di mond lan ap chanje pou tout bon.
Moun yo reyalize yo bezwen moun ki gen sousi pou gouvène.
Moun ki gen bon kè, ki wè enterè lot yo nan lidè yo , men pa moun ki vle sèlman gen pouvwa, men moun ki vle itilize pouvwa yo pou chanje lavi lòt yo.
E.I.C : ki Mesaj ou gen chak Ayisyen kap viv tout kote nan monnd la?
C.E. : Mwen ta renmen di tout moun ki ap li entèvyou sa , nan la vi ,chak moun dwe gen yon objektif, kòm yon ayisyen nou gen yon gwo responsabilite pou nou reprezante peyi nou nenpòt kote nou ye, nou se Anbasadè.
Nou fè listwa, men byen souvan nou bliye e nou ap ret chita gade, Mwen vle nou kite yon eritaj pou jèn yo ,ki se kouraj ak tenasite pou nou chanje epi kreye!!
Nou menm lidè , nou dwe inove ,paske se lè nou kòmanse inove,Lè sa Peyi nou , Ayiti ap gen yon lòt nivo nan ekonomi ,nan kilti, pou il grandi.
Sa se priyè mwen ,mwen swete Peyi a ,vinn pwogrese pou kondisyon lavi amelyore.
Entèvyou sa se Eguens Renéus ki fè li pou
" Eguens Infos Culturelles "
👉"www.eguensinfosculturelles.com"
👉https://www.instagram.com/reguens2/
👉https://web.facebook.com/Reneus83/"
Se yon model pou nou
RépondreSupprimer