Atis Aquela Dorvil ak staf li, mete sou pye depi plizyè semèn , " Konkou konnen lap fè yon wout" yon inisyativ, pou chèche jèn nan sektè evanjelik la ,ki gen anpil talan.
Avèk " Eguens Infos Culturelles", Atis Evanjelik la ap eksplike kisa ki te motive'l pran inisyativ sa .
Eguens Infos culturelles : kot lide sa sòti?
Aquela Dorvil : Nan lide Pou konbat ide koronaviris la. Sansibilize jèn yo.Ede yo gen yon lòt fokis,pwodiksyon Pale Pou mwen, mete sou pye, pwojè sa, pou dekouvri talan, epi oryante talan yo nan sektè Evanjelik.
EIC: kòman kominote Evanjelik la akeyi pwojè sa? Konbyen enskri ki te genyen ?
A.D. : Se te avek anpil kè Kontan, apresyasyon Kominote a te resevwal, anpil temwanyaj, pou montre enpòtans konkou a, 41 jenn gason ak fanm te enskri.
EIC : konbyen etap ki te genyen ?
A.D. : Te gen 4 Etap:
Etap 1: yon odisyon akapela, ki te fèt adomisil, nan anrejistreman yon ti bout Videyo, ki pa depase 1 Minit 30 segond, avèk 41 postilan.
Etap 2: Yon chante sou enstrimantal mizik, "Mwen Konnen wap Fè Yon wout" anrejistre yon ti bout Videyo ki pa depase 2 minit 30 segond. Avek 20 postilan.
Etap 3: ki se demi final, 11 postilan yo ap chante live sou sèn, enstrimantal mizik, mwen Konnen wap fè yon wout. Avèk asistans Manm Jiri.
Etap 4: se ap final.
EIC : ki dat final ap fèt ?
A.D. : Li fikse pou 8 Août
EIC : ki akonpayman nap bay finalis yo ak chanpyon an?
A.D. : Nap asiste yo nan karyè yo, pou yo ka lanse yon, mizik ak videyo , fè pwomosyon yo nan medaya.
EIC : kisa ki prevwa pou final la?
A.D : Nou prevwa fè yon bèl espektak, avek lòt envite de mak, pou mete an valè postilan yo.
Chak postilan ap gen 2 prestasyon.
EIC : ki rekonpans chanpyon an ap genyen?
A.D. : Premye a ap gen mizik ak videyo, bon dacha, lajan, Bib, Envètè, pano solè ,Batri.
EIC : ki mwayen nou itilize pou elimine postilan.
A.D.: Nou fè sa ak konpetans gen manm Jiri yo, ki gen plizyè pèsonalite ladan yo,tankou
1- JUNIOR Clergé
2- Betenson Constant
3- Beethoven Chenet
4- Gabiel Simon (Maestro Gaby)
5- Nicky Christ
Pwosesis eliminasyon an se: opinyon ak jijman Jiri yo ,sou 70%.
30% pou vòt Facebook ak YouTube ak sou paj Facebook pwodiksyon pale Pou Mwen, Chanel Youtube AQUELA DORVIL pale pou Mwen.
EIC : Pataje ak nou lis jenn fanm ak jenn gason ki pral nan demi final?
A.D. : Men lis jenn fanm ak jenn gason ki ap patisipe nan Demi final : *Map chante mkonnen wap fè yon wout* la
1- JOSEPH Esther
# *1900*
2- GEORGES Bertina
# *1400*
3- ORZILE Rose Suchelle
# *1200*
4- EDMOND Stephy
# *1800*
5- FARESTIN Raymé Lourde-Millard
# *1300*
6- JADINEY Lord Stéphanie
# *2000*
7- TALMA Nedjie
# *1500*
8- DEGUERRE Liza Soraya
# *1000*
9- JACQUES Yolna
# *1700*
10- SAINT-CYR Jose Antonio
# *1100*
11- Blaise Nephtalie
# 1600.
Eguens Infos Culturelles.
Bon bagay nèt adoratè Pam mw renmen jès sa a Bondye flaché W pou lajenès
RépondreSupprimer